On parle dans sa propre langue, on ecrit dans une langue étrangère

décembre 27, 2018 Non Par admin

Plan liv la :

Nou pral fè rezime liv sa a,ki se,<> anndan li gen sis chapit, (6) chak chapit sa yo pale de yon bagay diferan.

I-Kouman tout lang fèt ?II-Gwoup konson nan mo ak gwoup konson nan fraz.
III-Otograf kreyòl ak pwononsiyasyon kreyòl.
IV-Eske kreyòl sanble ak angle?
V-kisa pou nou fè ak zòt ?
VI-Eske se pou nou chanje non kreyòl nou an ?-Avan tout kòmansman-
Se yon plezi pou mwen , poum pran tanm poum fè rezime liv sa a, ki gen pou tit,<>. Otè liv sa a se :Iv Dejan li ekri an 1986, li soti nanane 1995, edisyon demen miyò.Li vle pale de k ilang ? yo di souvan nou gen 2 langofisyèl ki se kreyòl epi fransè,men nou konstate pifò ayisyen konprann pibyen lang kreyòl la kise lang matènèl li, e selang kreyòl la touyo itilize lèyo nan pwoblèm… Ann al chèche plis detay pandan n’ap bay tikras nan chak chapit liv la.

I-kouman tout lang fèt ?

Yon lang se yon system siy konvansyonèl mounitilize nan yon sosyete pou kominike youn ak lòt oswa eksprime yon reyalite. Lang lan se yon bagay ki chita nan tèt nou menm lè nap dòmi,lè nap reve pou nou eksplike rèv nou an ak lang nou sèvi. Nou kadi se yon pwodwi sosyete a lang lan ye.
Nou wè tou, si pagen moun,nou paka pale de lang. Pami tout sistèm ki egziste, lang rete yon eleman ki enpòtan anpil. Kèlkeswa lang lan, lifèt ak sa yo releson oubyen fonèm. Yon lang ka genyen ant 15 ak 70 son konsa. Tout lang fèt ak son,men chak gen sistèm fonolojik, semantik ak sentaks payo. Lang lan chita nan tèt nou menm lè nou pa pale. Sèlman libezwen yon reyalite pouli tradwi nan sosyete li a.

II-Gwoup konsòn nan mo ak gwoup konsòn nan fraz.
Nou wè yon mo se yon pakèt fonèm :konsòn plis vwayèl, ki mare ansanm poubay mo a. Nan lang kreyòl lagen 29 fonèm pou pifò moun an Ayiti. Pou moun nan zòn sid peyi a,yo fè l gen 30 fonèm paske yo ajoute h nan fason yo pale. Chak fonèm gen yon plas li okipe nan yon mo oubyen nan yon fraz. Gen 5…